Pwogram Asistans Finansye

Bayhealth Medical Center angaje l pou l vini ak sèvis swen sante pou pasyan nan konte Kent ak Sussex yo epi nan zòn alantou yo kèlkeswa yo kapab oswa yo pa kapab peye. Pwogram Asistans Finansye (Finance Assistance Program, FAP) an te tabli pou ede moun ki pa kapab peye lajan yo dwe Bayhealth Medical Center yo sou plan finansye, kèlkeswa laj, ras, sèks, orijin nasyonal, estati sosyal oswa imigrasyon, oryantasyon seksyèl, oswa relijyon yo. Asistans Finansye aplike a (1) sèvis medikal ijans yo bay nan yon kad sal ijans; (2) sèvis ki nesesè sou plan medikal ki pa ochwa pou pasyan ki satisfè kritè finansye Sant Medikal la tabli lè l sèvi avèk Gid Revni Povrete Federal yo.

Apati pwogram Asistans Finansye Bayhealth nan dat 7/1/2022 bay yon rabè 100% (kouvèti konplè) pou moun ki gen revni ki nan oswa pi ba pase 300% Nivo Povrete Federal (FPL) ak yon rabè 50% pou moun ki gen revni ant 301% - 350% nan FPL a ak etablisman an nan yon plan peman.

Egzijans pou Kalifikasyon

Kalifikasyon pou FAP la se yon bagay ki baze sou yon evalyasyon endividyèl bezwen finansye yo. Evalyasyon finansye a genyen ladan l verifikasyon yon aplikasyon ki byen ranpli; la deklarasyon enpo oswa fòmilè W2 ane anvan an, souch chèk peman ak relve bankè aktyèl yo; done ki piblik ki bay enfòmasyon sou kapasite yon pasyan genyen pou l peye (evalyasyon kredi); ak yon verifikasyon fon pasyan an genyen ki disponib ak lòt resous finansye ki disponib pou pasyan an. Moun FAP apwouve yo ap resevwa yon diskont 100 pousan sou balans responsabilite pasyan yo; sa aplike sou frè brit pou pasyan ki pa asire yo ak balans apre asirans pou pasyan ki asire yo. Pasyan FAP apwouve yo pa gen okenn lajan y ap peye anplis Montan ki Faktire Jeneralman (Amounts Generally Billed, AGB) yo. Pasyan yo gen 240 jou apati dat premye relve a apre yo te fin resevwa swen pou yo aplike pou asistans finansye. Pou pale ak yon moun sou asistans finansye, tanpri kontakte depatman Sipò Faktirasyon nou an nan 877-744-7081.

Kijan pou Aplike pou Asistans Finansye

Pasyan yo akipab aplike pou Asistans Finansye lè yo ranpli fòmilè aplikasyon an. Enstriksyon pou ranpli ak soumèt fòmilè aplikasyon an disponib nan men fòmilè aplikasyon an.

Kijan pou Jwenn yon Kopi Politik la ak Aplikasyon an:

Pou jwenn yon kopi politik la ak/oswa aplikasyon an, oswa pou aplike pou asistans finansye, kontakte biwo Sipò Finansye nou an nan 877-744-7081 oswa ale nan youn nan kote sa yo. Bayhealth, Kent Campus: 522 South State St, Dover, DE 19901 Bayhealth Hospital, Sussex Campus: 100 Wellness Way, Milford, DE 19963

Ou kapab telechaje dokiman yo tou gras ak lyen ki pi ba yo:

TELECHAJE POLITIK ASISTANS FINANSYE A »
TELECHAJE APLIKASYON ASISTANS FINANSYE A »
LIS PWOFESYONÈL BAYHEALTH ANPLWAYE YO »
LIS PWOFESYONÈL BAYHEALTH PA ANPLWAYE YO »

Sèvis tradiksyon pou moun ki gen konpetans limite nan lang anglè (Limited English Proficiency, LEP)

Pasyan ki gen konpetans limite nan lang anglè yo (LEP) kapab vin nan kabinè nou an nan youn nan adrès ki pi wo yo epi nou pral rele Liy Entèpretasyon Lang lan (800-481-3289) ansanm ak pasyan an pou fè yon entèprèt asiste nou nan kominikasyon.

Pasyan ki admi ki pa gen asirans yo gen yon depistaj k ap fèt pou yo pou kalifikasyon nan Medicaid.

Share This With Your Friends